

|
Healthy Smiles for Haiti
Providing Preventive Dental Care
& Services for the People of Haiti
A DAY WITHOUT SMILING IS A WASTED DAY !
A total of 8,519 students have been taught & given toothbrushes since the
first trip in October 2001.
Thank you to one and all!

Our Notice
Board
You are not able to change the world, but you are able to give hope to one human being. Albert Schweizer
Archives of our Sayings
SEPTEMBER 2007
Zanmi nou yo, Mèsi paske ou vizite
website la ankò. Pandan sezon ete 2007 la. Mwen te gen yon
gran privilèj pou m te fè yon prezantasyon nan
asosiyasyon ki pote non "The Friends of Hopital Albert Schweitzer".
Reyinyon sa a te fèt nan lokal McMaster University. Mwen te gen
lopòtinite rankontre yon pakèt moun enteresan e ki gen
kè nan men pou Ayiti. Se ak Anpil kè kontan Zanmi ou
Marianne ki travay pou mete website sa a kanpe ap pataje ak ou foto
dènye aktivite "Healthy Smiles for Haiti" reyalize.
Hôpital Albert Schweitzer
Yon sensè envitasyon de Dr. Suresh ak mesye Ian Rawson te rapidman pouse m ale vizite Lopital Albert Schweitzer.
Yon Lopital tout moun nan peyi Dayiti tande pale pou aksyon pozitif li
deja reyalize nan domèn lasante. Lopital sila a chita nan
Latibonit a de zèd tan de vil Pòtoprens. Mwen te
gen lokazyon fè yon kout visit Jou ki te premye ak de (2)
septanm 2007 la. Pandan de jou sa yo Mwen te gen chans vizite
kèk nan latriye sèvis lopital Albert Schweitzer ofri
popilasyon an e pami sèvis sila yo gen yon klinik dantè
ki fonksyonèl. Akòz enterè ak eksperyans nou
genyen nan zafè swen bouch ak dan nou rive remake gen kèk
travay ki merite fèt nan klinik dantè sa a pou
pèmèt yon amelyorasyon nan kalite swen yo.
Mwen panse gen anpil kout men Healthy Smiles ka bay nan klinik
dantè a yon fason pou amelyore kalite swen benefisyè yo
ap resevwa.
Se ak anpil kè kontan mwen ta swete retounen nan Vale Latibonit nan yon tan ki pa twò lwen.
Pwojè Rotary nan Thibeau
Jou ki te lendi 3 Septanm 2007 la Mesye Ray
Trask ki se ansyen prezidan Burlington North Rotary club te fè
premye visit li an Ayiti. Se ak anpil kè kontan mwen ak
kèk zanmi te akeyi Ray nan Potoprens. Jou apre li vini an sa vle
di demen maten Dr. Cherley Policier, Phélimps Jean Louis,
Ray ak mwen te leve byen bonè nan maten pou ale Okap Ayisyen nan
yon ti Avyon ki pote konpayi Karibentè. Lè nou rive okap
Ayisyen nou te gen chans rankontre Sè Biane epi nou vizite tou
lakay yon timoun mwen parene(ede) ki rele Wildernise e se pòtre
menm timoun sa a ki sèvi logo pou Healthy Smiles.
Lè nou kite lakay Wildernise nou te pran direksyon Thibeau tou
dwat kote Pè Almyre te chita ap tann nou e lè nou te rive
li te bannou yon gwo akèy. Rive nou rive nou te
sèlman depoze valiz nou epi nou te pran wout klinik dantè
a ki chita a yon distans ven minit ak pawas la. Depi mwa Fevriye
2007 Pè Almyre te deja enstale pano solèy yo, batri yo ak
ennvètè a (materyèl ki transfòme kouran 12
vòl batri a pou bay 110 vòl) yon fason pou pat gen
pwoblèm lè lòt materyèl yo ta va vinn
enstale. Andedan klinik lan te gen bwat katon ki gen
materyèl yo ki te deja ap tann nou pou fè
enstalasyon yo. Sa pat pran anpil tan pou Doktè Cherley te ale
konsilte nan yon lòt chanm touswit tout moun yo kite deja chita
ap tann dantis la depi m maten. Pandan Doktè
Cherley te ap konsilte pasyan yo Phelimps, Ray ak mwen tap netwaye sal
kote klinik lan ye a epi nou te tou pwofite retire nan bwat yo
tout materyèl yo pou te ka fè montaj yo. Pami
materyèl ki nou te gen pou monte nou te genyen yon chèz
dantè tou nèf pou pasyan yo, yon Chèz pou dantis
la e yon n pou asistant li a, e finalman yon UNIT ki tou gen
konpresè l ladan l. Nou tout te sou anpil tansyon jiskaske
nou te ploge tout materyèl yo epi te wè yo mache
trè byen! E konsa jounen madi a te fini. Nan demen
maten mèkredi nou te fin byen manje e nou te repran
direksyon klinik dantè a kote Mesye Ray te
touswit kòmanse monte aparèy radyografi pou dan an ki pat
gen chans monte nan jou avan an. Pandan Ray tap fè
tèt li travay pou monte aparèy la Phelimps limenm
bò kote pa l tap fè dilijans pou kouran
ennvètè a te ka bay 110 vòl pou eseye
materyèl yo. Menm jou mèkredi a Doktè
Cherley te wè anpil pasyan e mwen te tou
pwofite retire nan bwat katon yon seri materyèl kite la depi de
zan. Se te ankò yon lòt moman verite lè nou
te wè radyografi dantè a te fonksyone trè byen
aprè Ray te fin monte l. Se te yon gwo siksè!
Anfen se te yon gran jwa pou tout moun lè nou te fin mete
nouvèl ansèy klinik dantè a. Se moun nan lokalite
a plis pè almyre ki te rive klouwe ansèy la. Mete klinik
sa a kanpe nan Thibeau se rezilta kat lane lanmou travay di san pran
souf. Men sa nou wè jodi a montre nou te gen tout rezon pou nou
te travay di konsa! Jodi a nou ka di san pè san krent klinik
thibeau se yon n nan Klinik peyi dayiti ki gen plis ekipman pou
bay sèvis !
Rotary Club Jacmel.
Nan Jedi nou te kite Thibeau pou nou rantre nan
vil Okap Ayisyen kote nou te dwe pran yon ti avyon pou nou tounen
Pòtoprens. Lè nou te rive Pòtoprens menm jou
a nou te pran yon ti bis pou Jakmèl ak tout valiz nou yo. Nan ti
bis la nou te kwense tankou sadin e nou te pase de zèd tan ap
vwayaje konsa. Lè mwen te rive jakmèl Mwen te
sèlman gentan pou m te fè yon ti mouye kò m nan
pisin otèl Kap lamandou avan yo te vin chèche nou pou ale
nan reyinyon ak zanmi nou yo ki nan Club Rotary Jacmel nan Otèl
de la plas.
Avèk anpil fyète nou te pataje ak tout manm
Rotary Club Jakmèl tout dènye foto nou te fè
lè nou tap enstale klinik la nan jou anvan yo. Nou te
konstate anpil souri nan vizaj moun kite la yo pou siksè sa a
klinik Thibeau tounen jodi a! Reyinyon an te fini ak lespwa nou ka
refè menm eksperyans lan nan yon tan ki pa twò lwen
e menm mete kanpe yon dezyèm Klinik dantè ki ka pote non
Healthy Smiles.
Mwen vle voye yon remèsiman espesyal pou tout moun ki
sipòte Healthy Smiles finansyèman kididonk nan bay lajan
oswa don. Nou toujou ap kenbe e nap kontinye grandi. Dènye
vwavaj pa tap kapab yon si gran siksè san sipò Debbie ak
tout Staff lopital Albert Schweitzer, san sajès ak ospitalite
Pè Joseph Almyre Nan Thibeau. Nan Pòtoprens
nou voye yon remèsiman espesyal pou Albert ak Johanna ki toujou
asire trè byen manje ak bwè nou e ki pataje espas lakay
yo san bliye transpòtasyon nou. Mwen
remèsye espesyalman Mesye Ray Trask ki toujou kontinye
kwè nan pwojè a epi sipòte rèv mwen menm si
tout bagay te parèt san espwa. Li te mèvèye
pou m te pataje ak ou tout Bote peyi Dayiti atravè sa ki
natirèl lakay li, atravè mizik li e anfen atravè
pèp li. Dr. Cherley lanmou san fen ou genyen pou
pwofesyon dantistri a kontinye banm lespwa pou m bay bon swen pou bouch
ak dan nan diyite ak konpasyon. Remèsiman final mwen al Jwenn
Phelimps Jean Louis paske depi jou mwen rive Ayiti a se li ki fè
tout kòdinasyon pou transpò, lojistik, tradiksyon,
amizman e anpil fwa pòtpawòl. Ou te akeyi yon nouvo veni
an Ayiti e mesye Ray trask rete yon zanmi Ayiti.
Map chèche yon nouvo chapit pou Healthy Smiles, kote ansanm nou kapab pote plis souri sou vizaj tout zanmi
Ayisyen nou yo.
Mèsi Anpil,
Georgina Cosentino
Fondatè HSFH
4th ANNUAL DANCE & SILENT AUCTION
held
Saturday April 21, 2007, 7:30PM!
Click Here for Our Sincere Thanks & Photos
Haitian Note-Cards available @ $1.50 each
for details see "Anna's
Artistry" |
Click on map/flags
for more details!
Best Viewed @ 1024 x 768
Contact Us
Goals & Objectives
Who We Are
History
&
Background
How Can I Help ?
Presentations
News Articles
Words of Support
Leave us your comments
In Memoriam
|